Solidarite avèk fanm ayisyèn
Nan okazyon 8 mas, nap lanse yon apèl pou solidarite avèk fanm ayisyèn kap soufri yon vyolans – fizik, psikolojik, ak ekonomik – akòz yon okipasyon militè epi yon vòl resous ekonomik peyi a.
Depi 2004, Ayiti soufri yon okipasyon militè MINUSTAH – ki te sipoze diminye vyolans epi pwoteje dwa moun ak sekirite pèp la. Apre dezan, nou wè MINUSTAH echwè. Solda ki sipoze mete lape vin yon fòs okipasyon ki vyole dwa moun, sitou dwa fanm ak dwa tifi.
Nouvèl – istwa kadejak, abi seksyèl – ni fanm, ni ti gason, ni tifi – epi trafik sèks ap miltipliyè. Fòk Nasyonzini menm pran rekponsabilite, pou l di solda MINUSTAH vyole dwa fanm ak fi. Nan dènye dezan, 189 solda, polis, epi anplwaye sivik te resevwa sanksyon paseke yo te implike nan krim sa yo. Nan premye 10 mwa 2006, swasanntwa pousan zak sa yo te nan vyolans seksyèl. Pou site de egzanp, solda yo te vyole yon tifi onzan devan Palè Nasyonal menm. Epitou yon gason ki poko gen katòzan te vyole nan yon baz militè Nasyonzini.
Sitirasyon sa a – vyolans fizik e psikolojik pile sou vyolans ekonomik. Ayiti se youn nan peyi pi pòv nan Amerik. Katreven pousan popilasyon nan mizè, epi kat milyon moun pa gen ase manje. Dèt la se yon gwo blese san – kote anpil milyon dola soti chak ane. Nan 2005, plis pase katreven milyon dola te prevwa pou peye sevis dèt – yon dèt Enstitisyon Entènasyonal Finansyè yo enpoze. Dèt la pa lejitim: karannsenk pousan dèt Ayiti dwe jounen jodi a soti epòk diktati Divalye a. Se fanm yo ki peye konsekans dèt la: fanm ak timoun pa gen aksè dwa yo.
Pou rezon sa yo, nou mande yon anilasyon san pousan ki pa gen kondisyon. Epitou nou mande resous ki te soti nan dèt la envèsti nan lasante, edikasyon, epi lavi pou tout ayisyèn ak ayisyen. Fòk nou tout antre nan batay pou altènativ yo, mande yon restitisyon ak reparasyon pou vòl peyi a depi desanzan. Fòk nou lonje dwèt nan reyalite a: se pa fanm ayisyèn ki dwe ni Bank Mondyal, ni FMI, ni BID. Se moun sa yo menm ki dwè fanm ayisyèn! Dèt finansyè, dèt sosyal, dèt kiltirèl, epi dèt ekite fanm ak gason te soti nan kolonizasyon machis epi kontinye nan eksplwatasyon kapitalis jounen jodi a.
Nou pran chaj pou n mande gouvènman nou yo retire solda nan peyi Dayiti, epi mete politik vre solidarite ki respekte souverènte, òto-detèminasyon epi dwa moun pou tout ayisyèn ak ayisyen.
Pou dwa LAVI fanm ayisyèn!
Sispann vyolans ak abi seksyèl!
Sispann okipasyon militè ak ekonomik!
Yon total anilasyon – san kondisyon – dèt ekstèn!
Fòk MINUSTAH kite peyi Dayiti!


